top of page

Pozisyon "Fwont Ini Ayisyen nan Dyaspora a" sou Politik Jeneral PM Fritz W. Michel ak Sitiyasyon Ayi


WASHINGTON, DC — Ozetazini, Fwon Ini Ayisyen nan Dyaspora a, yon òganizasyon k ap milite pou pèmèt Ayisyen k ap viv aletranje yo jwe yon pi gwo wòl nan zafè peyi yo, reyaji sou mesaj Premye Minis deziye a, Fritz William Michel, te mete semèn pase a devan Chanm Bas la nan kad enonse politik jeneral li. Dirijan òganizasyon an reyaji sitou sou pati diskou a kote chèf gouvènman deziye a te pale de ranfòsman entegrasyon Dyapora a nan zafè peyi yo. Sèvis Kreyòl VOA a pwopoze nou koute prezidan òganizasyon an, Jij Lionel Jean-Baptiste, ki baze nan Chikago, Eta Ilinwa.

Yon lòt kote, yon manm komite direktè òganizasyon Fwon Ini Ayisyen nan Dyaspora a, M. Albert Décady ki baze nan Washington, bay opinyon li sou sitiyasoyn k ap devlope nan Bahamas apre pasaj Siklòn Dorian, sitiyasyon kote sitwayen peyi a lanse menas serye e menm grav kont imigran ayisyen k ap viv sou zile yo kòmkwa se yo ki ta responsab kalamite siklòn nan koze pami popilasyon bahameyen an. Misye Décadi pale, antwòt, de demach òganizasyon an antreprann pou ede konpatriyòt yo nan Bahamas ak kontak gwoup la pran pou l eseye kalme sitiyasyon an.

Nan repòtaj sa a nou pral tande Serge Rodriguez avèk Lyonel Desmarattes.


Comments


Email:       info@haitianunitedfront.org

Phone:      202-918-6992

Address2586 Graywall St

                  East Point GA 30344

The United Front
of the Haitian Diaspora

The United Front of the Haitian Diaspora (UFHD or UF) is an advocacy organization whose work is to unite and strengthen the worldwide Haitian Diaspora and its supporters, in order to enhance the economic, health, and social wellbeing of all of Haiti’s children. Our mission is to also ensure and protect the right of every citizen to be involved in the decision-making processes that affect them.

Quick Links

© 2024 Haitian United Front of the Diaspora.  All Rights Reserved.

bottom of page